Guatemaltekin Guatesol Maispflanze

Español

Home
Aktuell
Über Guatesol
Kontakt
Rundbriefe

Projekte
Frauenprojekt Cahabón
Landwirtschaftsschule
Behindertenheim Kinder
Mayarecht
weitere Projekte

Webkooperativen
Ixoquib aj Keem
Flor de Algodón

Wie helfen? - Spenden

Reisen
Guatemala Reisen

Fotos
Links



titre

Konpozision e desen Philippe Teller    -   Fòmataj de Jean-François LAZARRE
Enpresyon e Depo Legal   - Imprimeur II 04-12-500  Bibliotèk Nasyonal d Ayiti
Converti du libre  - Helen Hagemann  helen.hagemann@guatesol.ch

 PASTORAL TÈ A   PDF  pour imprimer - pour presentation
Si vous souhaitez une présentation PowerPoint, qui a une meilleure résolution des photos, envoyer moi un mail.
 


 

PLAN LIV LA
REMÈSIMAN
UN SALUT DU ARCHEVÊQUE DE CAP-HAITÍ - MONSEIGNEUR HUBERT CONSTANT 
PASTORAL TÈ A
1 . MOUN DEVAN DESTINE I
2. FANMI PEYIZAN YO NAN LIDE BONDYE
3. JADEN PEYIZAN AN NAN LESPRI TÈ BONDYE PROMÈT LA
4. ANVIWÒNMAN AYISYEN JOUNEN JODI A, YON ESPAS MALMENNEN
5. AGRIKILTI DIRAB METE MOUN DAKÒ AK NATI A
6. AGRIKILTI DIRAB LA METE LAVI NAN NATI A ANKÒ AVEK LI MENM
7. PWOTEKSYON ANVIWÒNMAN AN KÒM SENBÒL
REKONSILYASYON MOUN YO YONN AK LÒT
8. REKONSILYASYON MOUN AVÈK BONDYE, YON ALTÈNATIV POU YON LAVI MIYÒ


REMÈSIMAN

N ap retire chapo n pou bese byen ba pou nou di yon mèsi espesyal a tout peyizan ak peyizàn yo pou bèl travay y ap fè nan jaden yo ak nan kominote yo, sa fè nou kwè plis ankò nan Pastoral Tè a.

N ap di mèsi tou ak tout manm Platfòm Agwoekoloji ak Devlopman Dirab la (PADED)), zanmi Kolonbi yo k ap travay nan Podion, Monika ak Roberto Hesse-Rodriguez ki nan Fondasyon «Sembradores de Esperanza», Pastoral sosyal ki nan peyi Salvador, Frè Lorius Liberiste, Raymond Mondesir, Kurt Habermeier, ak tout ekip GADRU a, tout pitit fi ak tout pitit gason Pè Louis Charles yo, profèt ayisyen agrikilti dirab la, Monsenyè Raoul Corriveau, evèk Choluteka ki nan pey Honduras. Mèsi pou tout eksperyans teren k ap fè nan tout peyi a, pou piblikasyon, pou tout lide ki rive bay refleksyon nou an jarèt e ki eksplike teks la tankou desen yo.       
Philippe Teller


UN SALUT DU ARCHEVÊQUE DE CAP-HAITÍ - MONSEIGNEUR HUBERT CONSTANT

Homme et Terre-Humus s'appellent mutuellement. Car, c’est de la terre-humus que l'homme a été tiré. "Le Seigneur Dieu modela l'homme avec de la poussière prise du sol (Gen. 2,7). Né de la terre, l'homme en a, toutefois, reçu la gérance : « Remplissez la terre et dominez-la. » (Gen. 1,26-28).

Cette terre est appelée à produire les arbres. Ceux-ci doivent porter des fruits et aussi leur semence. Même l'herbe, sous nos pas, et les oiseaux dans le ciel doivent, à leur manière, concourir à la conservation de la vie.

Les fruits de la terre et des arbres serviront de nourriture à la femme, à l'homme et à l’animal. On a donc bien raison d'appeler la terre : « Terre- Mère ». Voilà ce qui nous autorise à parler de la fécondité de la terre, car, après tout, qu'est-ce que c'est que la fécondité si ce n’est la capacité de donner la vie.

Quand on aide la terre à donner la vie, on s'associe à son œuvre créatrice, on est, avec elle, co-donneur de vie. Aussi, le travailleur de la terre - la paysanne et le paysan en particulier - qui colle à elle, en hume l'odeur lorsqu’il la bêche, se hausse-t-il à la hauteur d'un co-créateur, donneur de vie. Et, lorsqu’on parle de la terre, on peut y associer l’eau que l’on boit, l'air que l'on respire, tout l'environnement que l'on doit protéger.

Paysan, paysanne, à qui il est confié de soumettre bétail, gros et petit, oiseau, ruisseau, cours d'eau, arbrisseau, arbres géants, herbe verdoyante, terre-mère, " jardin", vous êtes roi et reine de cette belle, rayonnante et merveilleuse nature. Dame Nature, soyez bénie! Soient aussi bénis tous ceux qui, par cet Essai de la "Pastorale de la Terre", cherchent à réconcilier, avec toi, Terre-Mère, tes fils et tes filles!

Terre-Mère, sois aujourd’hui et demain et toujours, mère nourricière, jalouse de toutes tes richesses. Enjoins-nous de les respecter, de les cultiver, de t'aider à les faire fructifier. Et Toi, Seigneur, visite-nous ; envoie-nous ton Esprit qui renouvelle la face de notre terre ( Ps. 104, 30 ). Alors, Mère-Terre, nos récoltes seront abondantes et de meilleure qualité, tes filles et tes fils mangeront à leur faim, ils réapprendront à partager, ils seront des hommes et des femmes debout, ressuscités, louant leur Créateur et Père.

     +Monseigneur Hubert Constant, omi Archevêque du Cap-Haïtien – décédé le 23 septembre de 2011




titel



PASTORAL TÈ A

 












1. MOUN DEVAN DESTINE L

« ..Mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò,
          madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande pou nou ka viv,
               nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. »
 
(Detewonòm 30,19)




picture 1Lavi a nan kè travay pastoral tè a. Lavi sou tout fòm : nan plant, li te mèt te mikwòb ki sou tè a, bèt sovaj ou bèt kay, men sitou nan moun. Lavi a toupatou.
 
La vi a prezan nan yon bann pye bwa, bèt, moun nou p ap janm rive konte. Se poutèt sa desen nimewo 1 ap debòde kad li.
 
Nan fèt la, moun yo ap rankontre. Y ap pataje richès, kè kontan ak Iibète. Fèt la avèk mizik, bon manje, tèt ansanm, jilstis ak lapè, se senbòl lavi a.
  • Pyebwa yo enpòtan anpil nan tout pwosesis lavi a (laviwonn dlo, laviwonn kabòn, lavlwonn azòt). Met sou sa, yo ban nou tout kalite fwi, bwa, remèd, manje bèt ak lonbraj. Men nou menm, byensouvan nou fè pyebwa yo pase mizè. Poutèt enpòtans yo, nou mete yon pyebwa nan mitan desen No. 1 an. Nou repran desen nan vwal karèm yon atis ayisyen ki rele Jacques Cherry te reyalize pou Misereor.
  • Lè lavi a jwenn bon kondisyon, I ap devlope, I ap kontinye, I ap renouvle toutan. Lavlwonn douz mwa lane a vle reprezante lavi a k ap kontinye san rete.
Hungertuch

                                                                                                                                                                       








2. FANMI PEYIZAN YO NAN LIDE BONDYE

familia campesina          « Mwen menm, mwen vini pou moun
              ka gen lavi e pou yo genyen I an»
Kantite Jan (10,10)
  • Fanmi peyizan an, se aktè prensipal nan zafè latè a. Li gen dwa pwodui tout manje li bezwen, plis manje pou lòt moun ki pa peyizan.

  • Se tout manm fanmi peyizan yo, gason, fi, jenn ak granmoun yo, ki konsène ak travay pastoral latè a. Fanmi peyizan an dwe kapab manje byen epi viv alèz gras ak travay latè li fe..

  • Se fanm yo ki ap ban nou manje. Toupatou, sekirite manje fanmi yo chita sou do fanm yo. Kontrèman ak gason yo, fi yo konn depanse pifò nan kòb yo genyen pou bezwen fanmi yo, espesyalman pitit yo. Fi yo konn fè jaden, epi yo konn transfòme ak vann rekòt yo. Nan desen nimewo 2, tankou nan reyalite travay pastoral tè a, fanm yo ap okipe yon plas ki enpètan anpil.

  • Andeyò nan mòn, nou ka w è yon bagay nou pa kapab asepte. Gen peyizan, moun ki travay latè epi ki pwodui manje, k ap soufri grangou !

  • Pi gwo priyorite travay pastoral tè a, se ede fanmi peyizan an pou li ka jwenn tout kalite manje, an kantite epi pandan tout ane a.

  • Jounen jodi a, devlopman lavil pa kapab kreye kantite djòb ki ta nesesè pou tout moun ki sòti nan mòn yo, epitou malere ki gentan lavil la, kapab viv nan diyite (wè izin ak bidonvil nan desen 2 an). Se pou sa devlopman riral la enpòtan e li nesesè.



3. JADEN PEYIZAN AN NAN LESPRI TÈ BONDYE PROMÈT LA


« Se yon peyi kote lèt ak myèl ap koule »   (Egzòd 3,8)


LA PARCELA DEL CAMPESINOSe anndan jaden fanmi an, moun yo ap devlope relasyon avèk lanati a : avèk manman tè a, avèk dlo a, avèk mikwoòganis yo (avèk ti kò piti piti ki nan nati a), avèk pyebwa ak lòt plant yo, avèk bèt yo. Jaden fanmi an, se yon kominote ki rasanble plizyè kalite espès k ap viv sou tè a. Se yon sistèm lavi peyizan yo konn jere pou yo ka jwenn lavi. Jaden an, se prensipal teyat aksyon fanmi peyizan yo, epi se teyat aksyon pastoral tè a tou, paske se nan jaden nou ka verifye rezilta nouvo metòd fason yo travay tè a.
  • Moun yo dwe gen tè pou yo ka pratike agrikilti dirab la. Yo dwe gen sekirite agrè. Pwodui tè yo dwe pou moun k ap travay tè a epi k ap pwoteje li.
  •  Kote gen sekirite agrè, moun yo pi dispoze pou yo sèvi ak metòd agrikilti dirab la. Sekirite agrè a, se youn nan kondisyon pou nou rive nan devlopman riral dirab la. Se kote ki gen plis sekirite agrè nou ka wè pi bèl rezilta, nou ka obsève peyizaj ki vin resisite.
Se nan tè sa yo nou dwe kòmanse travay nou an. Pèmèt peyizan yo jwenn resous pwodiksyon yo tankou tè ak dlo pandan anpil tan, se youn nan travay pastoral tè a. Li dwe yon tèm refleksyon chak fwa n ap diskite sou agrikilti dirab la, sou plantasyon pyebwa ak amelyorasyon tè a.
  • Mezi nou pran pou nou pwoteje ak grese tè a, yo ka ogmante rekòt yo rapid, epi yo fè jaden fanmi yo vin donnen toutan. Se sa nou rele agrikilti dirab la.

Lè nou reflechi ansanm ak fanmi peyizan yo sou sa ki priyorite yo nan agrikilti a, nou wè kat objektif prensipal:


1. Bay fanmi an manje:

Lè nou plante anpil bagay diferan, jaden an vin tankou yon makèt kote moun yo jwenn tout kalite manje, an kantite epi pandan tout lane a (wè nan desen No. 3 yon panye ak laviwonn mwa lane a).

2. Bay bèt yo manje:

Lè n ap plante manje bèt nan jaden nou yo, bèt yo vin plis anfòm, sitou nan tan sèk (wè nan desen No. 3 ranp zèb ak kouto digo ).

3. Nouri manman te a:
Le gèn sekirite agrè, fanmi an ka envesti nan fètilite tè a pou jaden an kapab bay manje toutan, ni pou moun, ni pou bèt (wè nan desen No. 3 yon konpòs, vètè ak mikwoòganis yo).

4. Founi mache a pwodui:
Lè nou gen anpil rekòt ak anpil bèt, nou kapab vann sa nou pwodui an plis la pou fè yon ti kòb. Souvan agwonòm ak ekonomis yo panse sélman plante pou fè komès. Pou peyizan yo, espesyalman medam yo, lajan enpòtan anpil sevre, men anvan tout bagay, yo bezwen asire manje fanmi yo. Senbolikman, nan desen No. 3 a, chimen k ap mennen nan mache a ap pase kay fanmi an dabò.



4. ANVIWÒNMAN AYISYEN JOUNEN JODI A, YON ESPAS MALMENNEN

«  O granmèt voye lespri ou chanje fa tè a ! »   (Sòm 104,30)


  • Souvan, moun yo gen yon relasyon sovaj, yon relasyon vyolan avèk lanati a. Yo vle tire yon maksimòm benefis nan yon tikal tan. Se tankou moun k ap koupe bwa an kantite pou yo fè chabon, san yo pa janm plante yon sèl pyebwa. Lè yo fin esplwate tout bwa yon kote, se yon dezè yo kite dèyè yo.

    situacion
  • Nan agrikilti tradisyonèl la, lè popilasyon an pa t anpil nou te konn fin souse yon bò tè epi n ale yon Iòt kote. Sistèm agrikilti sa a kapab mache sèlman kote gen anpil tè ak yon ti kantite moun. Nan kondisyon sa yo, manman tè a ka jwenn tan li bezwen pou li refè, anvan moun yo tounen fè jaden menm bò a ankò.

  • Men jounen jodi a, nan peyi d Ayiti, pa gen anpil tè ankò, epi moun yo vin anpil. Fòk nou tabli yon Iòt relasyon ant agrikiltè yo ak tè a. Fòk nou aprann okipe manman tè a pou li kapab ban nou manje toutan, bay bèt nou manje, pou yo ban nou pwodui nou ka vann nan mache a.

  • Relasyon peyizan ayisyen avèk tè a, se jeneralman yon relasyon vyolans, yon relasyon k ap chache benefis rapid. Moun yo konn koupe pyebwa, boule tè, lage bèt, rache zèb, mete pwazon pou touye tout ensèk ak vèmin yo, lè sa a bon ensèk yo mouri tou. Yo konn mete manman tè a toutouni, souse tout fòs li. Relasyon moun yo genyen avèk nati a, se sitou yon relasyon sovaj.

  • Nou ka wè konsekans apwòch sa a nan peyizaj agrikòl yo : moun yo konn debwaze san plante pyebwa, yo konn sèvi ak dife, yo konn mete bèt yo nan mòn, yo konn kite tè a toutouni. Pratik sa yo lakoz ewozyon, yo lakoz dlo lapli a fouye ravin epi pòte tè a ale. Anplis, anpil peyizan konn sèvi ak divès pwodui chimik k ap mete anviwònman an ak sante moun an danje.

  • Konsekans ewozyon tè a, se egzòd riral la. Lè tè a ap desann nan lanmè, moun yo blije ale tou (men 2 flèch wouj nan desen nimewo 4 Ia).

  • Se Jezi Kri annagoni sou lakwa k ap senbolize relasyon vyolans moun yo k ap maltrete manman tè a ak lavi lanati a.




5. AGRIKILTI DlRAB LA METE MOUN DAKÒ AK LA NATI A

« Senyè a, Bondye a, pran nonm nan, li mete l nan jaden Edèn nan pou I travay li,
         pou I pran swenn l. »
(Jenèz 2,15)


agricultura          Peyizaj riral la, se glas kote nou ka gade relasyon moun yo ak anviwònman an. Relasyon moun yo te devlope depi lontan avèk tè a, avèk dlo a, avèk mikwo- òganis yo, avèk pyebwa ak lòt plant yo, avèk bèt yo, avèk lòt moun yo, yo parèt nan peyizaj la (ann konpare picture 5 desen nimewo 4 ak desen nimewo 5).


          Nan yon peyizaj ki se imaj rekonsilyasyon moun avèk nati a:

  • dwa moun genyen sou pyebwa yo ap ankouraje yo plante plis pyebwa toujou.
  • Yon pyebwa, ni fwi yo tou, dwe pou moun ki te plante epi ki te pwoteje li.
  • Konsa moun yo pa pè plante pyebwa, paske yo konnen yo gen dwa koupe yo lè yo bezwen.
  • Lè moun yo respekte pyebwa k ap leve pou kont yo, lè yo pwoteje lavi pyebwa k ap grandi, lè yo plante anpil pyebwa, yo gen dwa rekòlte yo lè yo mi, tankou yo gen dwa rekòlte mayi, kafe ak tout lòt danre.



  • Moun yo vin kapab kontwole dlo lapli a (men kat flèch wouj nan desen nimewo 5 la k ap montre ki jan pou kontwole chemen dlo a nan jaden nou yo).
    1. Lapli pa ka bay tè a kalòt ankò, paske tè kouvri. Se rezilta parapli kouvèti vejetal la oubyen kouvèti pay chèch la.
    2. Nou anpeche dlo a pote tè a ale, konsa n ap ede dlo a antre anba tè a. Se rezilta baryè ranp vivan yo.
    3. Nou p ap boule tè ankò, epi n ap mete anpil fimye, konpòs ak angrè vèt nan tè a. Konsa, tè a kapab bwè anpil dlo, epi li kapab kenbe imidite a. Se rezilta eponj yon tè ki rich ak matyè òganik.
    4. Yon bon kouvèti sou tè a, ansanm ak prezans kloti ak ranp vivan k ap bare van an, kreye bon kondisyon pou tè a gen lavi (men vètè nan desen an). Yon tè konsa pa ka vin chèch fasil, paske I ap kenbe dlo a. Se rezilta parasòl kouvèti vejetalla.
  • Gras ak kat mezi klasik sa yo anpil fanmi peyizan gentan konn pratike nan jaden yo, sistèm agrikilti a vin dirab. Mezi sa yo se:
    1. plante kloti vivan,
    2. plante ranp vivan an nivo,
    3. plante pyebwa fwitye ak forestye, picture 4
    4. sèvi ak plant kouvèti ak angrè vèt.
  • Kat mezi sa yo gen kat objektif :
    1. pwoteje tè a,
    2. grese tè a,
    3. divèsifye rekòt yo,
    4. ogmante rannman an.

  • Nan tout peyi ki sòti nan rejim kolonyal la, moun yo konn meprize tè a ak travay jaden. Nan peyi sa yo, sèlman kèk grandon te konn vin rich. Men ti peyizan yo, yo pa janm te konn rive viv alèz. Se sèlman agrikilti dirab la ki kapab amelyore kondisyon ekonomik ak konfyans fanmi peyizan yo nan tèt yo.
  • Nan peyi ki sòti nan dominasyon kolonyal la, agrikilti konvansyonèl la konn bay pwodwi yo pral vann lòtbòdlo yo priyorite. Men priyorite fanmi peyizan k ap pratike agrikilti dirab la, yo diferan (wè chapit 3 sou jaden an.
  • An Ayiti, relasyon moun ak moun souvan rèd anpil. Kèkfwa fanmi peyizan yo konn soufri grangou (yon bagay nou pa ka asepte ditou). Nan yon sitiyasyon konsa, nou pa ka panse moun ap ka pran swen bèt. Poutan, se lè bèt yo alèz, lè yo anfòm, yo ban nou plis manje ak plis rannman.
  • Nan agrikilti dirab la (mo « kilti » ki anndan agrikilti), nou pa vle goumen avèk nati a, nou pa vle esplwate nati a ni kraze I. Okontrè, nou dwe eseye konprann li pou nou ka kolabore avè I pi byen.



6. AGRIKILTI DIRAB LA METE LAVI NAN NATI A ANKÒ AVEK LI MENM

« Souf la antre kaday yo, yo vin vivan ankò, Yo kanpe sou de pye yo » (Ezekyel 37,10) CRITICA

  • Souvan peyizan yo pa bay ni tèt yo, ni travay y ap fè a valè. Se paske zòn andeyò yo p ap ofri yo anyen pou yo ka vanse. Santiman sa yo ap manifeste sitou lè yo rankontre moun ki sòti lavil oubyen moun ki te gen chans etidye pi plis pase yo. Yon bon travay pastoral tè a kapab depase sitiyasyon sa a.
  • Lè moun yo wè yo kapab aprann anpil bagay yo pa t konnen, yo pran konsyans kapasite ak valè yo. Se vre sitou lè nouvo konesans sa yo ka ede yo amelyore rekòt nan jaden yo. Nan desen nimewo 6 la, yon fi ap pataje esperyans li nan pwoteje tè sou tablo a.
  • Lè moun yo patisipe nan seminè ak lô aktivite fòmasyon ak echanj yo, lè yo konpare sa yo te wè avèk reyalite jaden fanmi yo a, yo kapab pran anpil lòt konesans epi verifye rezilta yo nan travay pratik la.
  • Tout bagay sa yo ap ede moun yo nan rekonsilyasyon avèk yo menm. Y ap kòmanse bay pwofesyon yo a ki se agrikiltè, valè. Pou jenn gason ak jenn fi ki vle marye, yon nouvèl pèspektiv kòmanse louvri : yo ka imajine ki jan pou yo amelyore lavi yo piti piti (w è desen nimewo 6).
  • Lè moun yo bay tèt yo valè, lè yo gen konfyans nan kapasite yo genyen pou yo fè bèl bagay, yo ka panse jaden yo, zòn yo, kominote yo a kapab devlope yon jan ki diferan ak reyalite y ap viv jounen jodi a. Nan ka sa a, se yon gran espwa k ap boujonnen.
  • Pou moun yo pran konsyans valè tèt yo, li enpòtan pou rekòt yo ogmante paske yo ka sèvi pi byen avèk resous lokal yo. Sa vle di resous yo jwenn sou plas, resous tout fanmi yo ka jwenn oubyen repwodui yo menm.
  • Konsa, n a gen laviktwa sou grangou ak lamizè, viktwa sa a se plis viktwa moun yo menm pase viktwa enstitisyon devlopman yo. Nan desen an, nou ka wè de moun k ap travay ak nivo A, epi dèyè nou ka wè yon jaden ki byen pwoteje epi k ap pwomèt yon bèl rekòt.
  • Sèvi ak resous lokal yo pou nou vanse nan devlopman riral dirab la, se evite kreye depandans vizavi resous ekstèn yo, sa vle di èd k ap soti lòt bò dlo. Konsa tout vwazen yo kapab kopye menm esperyans yo tou .

Chwa anfavè resous lokal yo, se ede moun yo pou yo ka ede pwòp tèt yo. Paske se moun yon kominote ki dwe fè kominote yo a avanse. Wòl òganizasyon devlopman yo, se kore moun yo nan sans sa a.
  • Lè moun yo reyisi kontwole yon pakèt fenomèn yo te konn viktim anvan, tankou ewozyon, dega dlo, sechrès, elvaj lib, y ap santi yo grandi. Se menm bagay lè yo pran la pawòl pou yo bay temwayaj sou chanjman nan jaden fanmi yo, lè yo patisipe nan vizit echanj avèk lòt moun ki vle konnen rezilta nouvo teknik yo.

7. PWOTEKSYON ANVIWÒNMAN AN KÒM SENBÒL
                                            REKONSILYASYON MOUN YO YONN AK LÒT

«...ale byen ak frè ou la anvan... » (Matye 5,24)picture 7
  • Agrikilti dirab la, se yon sistèm k ap voye pwodui montè san gade dèyè. L ap sèvi avèk tout kalitè resous lokal yo : tè a, dlo a, limyè solèy la, vejetasyon an. Nan agrikilti dirab la, konesans ak fòs kouraj moun yo pi enpòtan pase lajan.
  • Se yon bon solisyon pou ranplase agrikilti konvansyonèl la ki bezwen plis dlo toujou ak anpil pwodui k ap koute che.
  • Avèk devlopman agrikilti dirab la, presyon sou tè a ka bese. Moun yo pa bezwen goumen anpil pou jwenn yon ti moso tè. Paske nan sistèm agrikilti sa a, li posib pou rekòt la ogmante 2 fwa ou menm 3 fwa plis, san moun yo pa bezwen plis tè.
  • Lè fanmi yo reyisi amelyore pwodiksyon an, sekirite yo pou manje ap pi asire. Y ap vin genyen tou yon pi bon kondisyon ekonomik. Konsa tansyon sosyal nan mitan vwazinaj yo va bese.
  • Nan kominote riral yo, gen kèkfwa anpil zizani, mefyans ak jalouzi. Lè moun yo ap patisipe nan yon mouvman peyizan ki fè konfyans yonn ak lòt, ki solidè epi k ap respekte tout manm yo, tansyon sosyal sa yo va kalme. Nan yon mouvman konsa, pa gen pwofesè, pa gen elèv, tout moun konsyan yo pa konn tout bagay, tout moun dispoze pataje epi aprann ak lòt moun.
  • Lè tout moun konn koute ak respekte lòt moun, relasyon nan mitan manm mouvman yo vin amelyore. Se menm bagay tou pou relasyon peyizan yo avèk teknisyen yo.
  • Lè moun yo pa rive mete yo dakò sou yon pwen, lè gen diskisyon teknik, moun yo ka fè yon esperyans pratik sou yon ti moso tè, epi se tè a k ap bay repons la.


Yon travay devlopman riral ki chita sou pastoral tè a, kapab ofri fanmi peyizan yo konesans ak nouvo esperyans. Li p ap ba yo kòb, li p ap fè yo kado. Konsa, n ap evite machandaj, konpetisyon ak jalouzi ki ka genyen kay chak moun nan pwojè devlopman konvansyonèl yo.

Lè moun yo ap patisipe ansanm nan seyans travay yo (wè gwoup konbit nan desen an), lè y ap vizite jaden lòt fanmi yo, lè y ap pataje semans ak bouti, lè yo nan aktivite fòmasyon ansanm ak lòt moun, yo va gen yon lòt vizyon ki pi laj, yo va depase izòlman yo a , yo va konstwi yon nouvo relasyon solidarite.

  • Lè yon pakèt fanmi ap pataje menm metòd agrikilti dirab la, li pi fasil pou yo mete tèt yo ansanm. Òganizasyon peyizan debaz yo kapab atake kèk pwoblèm lokal yon sèl fanmi pa ka rezoud pou kont li, tankou boule tè, elvaj lib, debwazman oubyen ewozyon, lè plizyè fanmi ap pratike menm teknik nan menm pant lan.
  • Moun yo kapab òganize tèt yo nan yon komite ou byen lòt fòm òganizasyon k ap pwoteje anviwònman an ak resous natirèl kominote yo a. Nan desen nimewo 7 la, nou ka wè yon gwoup moun ki nan reyinyon.
  • Piti piti, kapasite òganizasyon moun yo va ogmante, epi yo kapab atake lòt pwoblèm tankou kapte dlo potab oubyen konstwi yon lekòl, wout, elatriye.
  • Ranfòsman òganizasyon lokal yo ap favorize fòmasyon yon rezo, yon kòdinasyon ant diferan pwojè ak òganizasyon peyizan yo. Nan desen No. 7 la, nou wè liy wouj ant divès esperyans agrikilti dirab nan peyi d Ayiti, k ap senbolize relasyon echanj ak koperasyon sa yo.


8. REKONSILYASYON MOUN AVÈK BONDYE, YON ALTÈNATIV POU YON LAVI MIYÒ

« M ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi I ankò...
           Ya plante jaden rezen, ya bwè diven. Ya fè bèl jaden,
               e ya manje rekòt jaden yo. M ap plante pèp mwen an nan peyi yo a,
                    nan peyi mwen te ba yo a. Pèsonn p ap janm ka derasinen yo ankò... »
(Amòs 9,14)
  • L’agriculteur a pour tâche spécifique de faire vivre des espèces végétales et animales qui sont nécessaires aux humains et qui ont besoin de ces derniers pour vivre, se reproduire et prospérer (on ne trouve jamais un champ de maïs ou de pois qui pousse spontanément dans la nature).
    picture 8
  • Travay agrikiltè yo, se pran swen tout kalite plant ak bèt moun bezwen pou yo ka viv. Plant ak bèt sa yo, yo bezwen moun yo tou, paske se kilti ak zannimo elvaj yo ye, yo pa plant ni bèt sovaj. Nou pa ka jwenn yon jaden mayi ak pwa nan lanati a konsa, san yon moun pa t plante ak okipe li.
  • Agrikiltè yo, se moun k ap pwodwi manje, k ap jere espas riral la, ki genyen anpil konesans sou plant ak bèt yo. Nou ka di moun sa yo, y ap patisipe nan pwosesis kreyasyon an.
  • Nan peyi d Ayiti, tankou nan pifò lòt peyi yo, popilasyon an ap ogmante toujou. Men kantite tè ki kapab fè manje a, li rete menm. Okipe tè agrikòl yo, pran swen yo pou yo ka bay manje pou nou menm, pou pitit ak pitit pitit nou yo, se misyon peyizan yo. Se pa yon misyon teknik oubyen ekonomik sèlman. Se yon misyon pou lavi a ka boujonnen toutan.
  • Rekonsilyasyon moun avèk lanati a, avèk tè, dlo, pyebwa, plant, bèt epi lòt moun yo, se kesyon ki plas moun yo dwe okipe nan kreyasyon an. Se yon kesyon ki makonnen avèk relijyon, k ap mande reflechi plis sou teyoloji kreyasyon osinon teyoloji ekolojik la.
  • Kote pastoral tè a te reyalize yon bon travay avèk fanmi peyizan, mesaje katechis ak lidè relijye yo, nou ka wè peyizaj agrikòl la resisite ankò. Rezilta sa a, se prèv yon veritab chanjman nan konstriksyon nouvo relasyon ant moun ak rès kreyasyon an.
  • Nan desen nimewo 8 la, nou sèvi ak yon lide reskonsab pastoral sosyal nan peyi Honduras yo te devlope e pi ta, kolèg nan Colombie ak Bolivie yo te repran. Nou ka wè Jezi ki resisite nan mitan yon peyizaj. Imaj sa a reprezante rekonsilyason fanmi peyizan yo avèk tè a, dlo a, pyebwa, plant, bèt, moun epi avèk gran mèt la. Ann konpare desen nimewo 4 ak desen nimewo 8 pou nou konprann diferans la.
picture 8


J'espère que vous avez aimé la présentation
J'espère que vous avez appris quelque chose pour sauver notre Mère la Terre
J'espère que vous propager la direction de la présentation
Peut-être vous m'envoyer un commentaire
Vous pouvez télécharger la présentation en Word ou PowerPoint (voir au début)
Merci Helen



Helen Hagemann
info@guatesol.ch

^Top^